Family Mediation Centers english | español | kreyol    
ki jan li fonksyone  pouki pou chwazi nou  benefis  saki laverite/sa ki lejand  resous  kontak  lakay pa nou
Lack of communication Families split apart Children in the middle Mediation works!

KI JAN OU MENM AK TOUT FANMIW KA BENEFISYE DE MEDYASYON
family mediation

Divorce doesn't have to be like this.MEDYASYON ...
  • Fèw depanse mwens lajan
  • Fèw pa pedi tan
  • Fèw gen mwens tèt chaje
  • Fè gen mwens tansyon
  • Pa gen menas
  • Bay plis mwayen
  • Offri solisyon ki pi varie
  • Se yon pwosesis ki konfidansyel
  • Rezoud diskisyon
  • Fè moun yo pa soti fache
  • Fè gen mwens konfli
  • Pa gen moun kont moun
  • Fè ge mwens andikap pou lavniw
  • Se yon pwosesis kooperasyon
  • Fè eloj dosilite
  • Bay moun plis fòs
  • Fè kominikasyon direk
  • Fè ke genyen mwens pwoblem pou timoun yo
  • Pa gen lot chaj ki kache
  • konstwi sou bon bagay positif

YON LOT BENEFIS POU PARAN : KOODINATè KI LA POU MOUTRE OU KIJAN POU TOUJOU RETE YON BON PARAN

Pi gwo pwoblem paran kap divose gen pou rezoud, se pwoblem timoun. Paran yo toujou gen gwo pwoblem sou keksyon vizit, relijyon, epitou kilès kapral okipe timoun yo. Kom nou se twazyem moun ak anpil esperyans kap okipe pwoblem emosyonel silayo, Koodinatè sou keksyon paran (p.c.) pwal fasilite rezoud diskisyon paran yo genyen epitou pap bliye interè timounyo. (P.c.) ap asiste paran yo nan mete sou pye yon plan kap san danje, pwofitab ,enpotan pou yon bon relasyon ant paran yo ak timounyo.

P.C a se yon pwofesionèl nan keksyon sante mantal epitou li se yon mediatè pou la fami ke tribinal siprèm sètifye .Li gen anpil esperyans nan zafè gwo diskisyon ak pwoblèm ki genyen nan fanmi lè divos mete pye. P.C. se yon facilitatè ki pa nan pas pou ki epitou ki là pou fè tansyon bese, li gen anpil enterè tou sou zafè timoun yo ki le pli souvan nan mitan batay sila.

Sonje byen: Se paran kap divose…pa timounyo. Timounyo ap toujou bezwen lanmou paran yo e yap toujou bezwen kominike ,gen kontak ak toulède paran yo. Menm si nou fin divose ap toujou genyen anpil reinyon fanmi wap vle ale. Fèt, gradiasyon, maryaj epitou lòt jenerasyon ap fèt. Tout sa epi lot okazyon ankò ki enpòtan nan vi timoun yo. Se toujou nan enterè timoun yo lè paran yo kenbe yon bon relasyon "travay"pandan ak apre divos.

Kob koodinatè a chaje sèlman $75.00 chak èdetan e se patisipan kap peye.

NAN FAMILY MEDIATION CENTERS™ ( SANT MEDYASYON POU LA FAMI) nap edew rekonstwi avniw Nou pap ede'w kontinye bwase le pase

Ou ta renmen konnen pi plis? Voye banou non ou an antie ak e-mail adres* ou epi nap voye pou ou, gratis, yon ti liv ki rele "painless divorce" (divose san traka) ti liv sila gen ladan pliziè ti sekrè ka va edew nan moman difisil divos pote.

OU GENYEN PI PLIS KEKSYON? Kontakte nou! Nou toujou kontan pale avèw

**Nou respekte vi privew e nou pap janm bay pèsonn lòt moun adres ou san ou pa dakò.

Si ou ta renmen konnen pi plis bagay de Sherrie Marcus ak sèvis legal pou la fami, vizite nou sou www.Sherriemarcus.com

^ Top
Rekonstwi avniw, pa retounen sou le pase.

Copyright ©2006 Sherrie Marcus. All rights reserved.
Family Mediation Centers™ is a trademark of Sherrie Marcus.
Site designed by: Get the WOW!™