KEKSYON KE YO POZE LE PLI
SOUVAN ( SA KI LEJAND) SOU ZAFE MEDYASYON 
KEKSYON KE YO
POZE SOUVAN
- Ki sa medyasyon ye?
Medyasyon se yon
apwoch prive, konfidansyel, san fas a fas, ki itilize yon lot moun pou rezoud
tout konfli - medyatè a - ki va ede jwen yon solisyon epitou fè
divos ou.
- Eske se pou depoze papye pou divose avan kew vini
pou medyasyon?
Non. Nan Sant Medyasyon Pou la Fami, yon sèl
kote nou genyen tout biwo pou rezoud pwoblem divos .Nap tann ou menm si ou te
koumanse depose papye divos nan tribinal osinon ke ou poko koumanse.
- Eske medyasyon bon tou menmsi nou deja divose men
bagay yo chanje e nou vle revize sa ki te di nan premye papye divos?
Wi. Nan Sant Medyasyon Pou la Fami nou konnen ke lavi pa rete
anplas. Detrèsouvan, dwa vizit, lajan sipò timoun, chanjman
adrès , anpil lòt bagay ankò ka chanje apre yon tan. Nou
la pou asistew chanje antant ke ou te genyen avan e nap fè yon lot
antant tou nèf. San ou pa bezwen peye twop lajan lajistis.
- Eske mwen bezwen yon avoka vini avek mwen nan
medyasyon?
Sant medyasyon pou la Fami pa mande pou vini ak yon
avoka. Men, medyasyon pa bay konsèy legal. Menmsi mediatè nou se
avoka ki gen lisans leta epitou ki gen anpil lane esperians nan zafè
lafami, nou pa bay konsèy legal. Toulède patiyo gen dwa mennen
avoka yo, si sesa yo vle.
- Eske nap kontre nan menm pyès
la?
Sava depann de ou. Nou kapab kontre nan menm pyès la
osinon nan pyès separe. Nou konnen byen ke divos mennen konfli. Nou
genyen nan lokal nou pliziè chanm pou medyasyon pou si ou santiw pa
alèz osinon si ou ta pito nan diferan pyès ke lot pati a.
- Eske medyasyon kapab fè divos pi fasil?
Wi, pandan konfli tèt chaje sa a, pwofesionel nou yo la pou
yo edew rezoud nenpot ki pwoblem, ti pwoblem oswa gwo pwoblem, san ou pa bezwen
tann tout tan tribinal tap fèw tan'n.
- Ki jan de diskisyon ki kapab ale nan medyasyon?
Si tou lède pati yo dakò, Sant medyasyon pou la fami
kapab okipe sèvis sila yo:
- Divos
- Lajan pou sipò timoun
- Kontra mariaj
- Patènite
- Chanjman apre papye divos osinon medyasyon fin
siyen
- Aranjman pou viv nan menm kay
- Vizitasyon
- Chanjman adrès
- Tout lòt bagay ki genyen rapò ak
la fami
- Konbyen lajan medyasyon koute e konbyen tan avan
li fini?
Nòmalman nou chaje $1,950.00. chak pati peye mwatye
($975.00) . Lajan sila se pou yon premye sesyon ak medyatè a pou diskite
pwosesis la, epi 5 èdtan pou medyasyon. Pou lajan sa nou bay tout
dokiman ak dosie depose nan tribinal. Nou genyen medyatè ki la chak jou,
lindi jiska samdi. Siw rele jodi a nou pwomèt ou nap baw randevou nan
yon yon (1) semèn.
LEJAND YO Fè SOU ZAFè
MEDYASYON
- Mwen tande ke map genyen pi bon rezilta si mwen
ale nan tribinal e mwen esplike jij la istwa mwen.
Se pa vre. Tout
moun ta renmen gen yon moun ki pou tande sa li gen pou di, se pou rezon sila de
medyasyon mache byen. Nan tribinal gen anpil bagay ke ou paka di. Anplis jij la
pa bezwen fè konesans ni avèw ni ak fanmiw. Menm si medyasyon pou
tout moun kap divose, tribinal kapab yon veritab kochma.Pesonn pa janm genyen
vreman. Li kapab pran pliziè lane, koute yon bann lajan, bay
toulède moun yo anpil tètchaje. Prèske tout tan medyasyon
pi bon
- Mwen tande mwen kapab genyen yon medyatè
osinon yon avoka men pa toulède Alafwa.
Se pa vre. Gen moun
ki vle pran yon avoka osinon konsilte yon avoka pou yo kapab konprann dwa yo ak
lot solosyon lè yap ranpli papye pou divose. Nan Sant Medyasyon pou la
Fami ou kapab chwazi vini ak yon avoka osinon pa vini ak avoka.
- Menm si mwen ale nan medyasyon, se pou
kanmèm mwen pran yon avoka pou ranpli papyem.
Se pa vre. Nan
Sant Medyasyon pou la fami nou kapab baw tout papye pou divose ke tribinal
mande. Medyatè nou ap prepare tout papye lèw tonbe dakò ak
mariw ak tout papye sipò timoun. Nan sant la se yon sèl kote nou
regle tout zafè la fami.
- Lè nap fè medyasyon nou gen nan
tèt nou pou fè moun yo rete marye.
Se pa vre. Nap
toujou sipote tout moun ki vle rete marye. Men, sa nou vle nan Sant Medyasyon
pou la fami se rezoud diskisyon ak konfli pou nou jwen yon solisyon. Medyasyon
kapab edew mete fen a mariaj ou epitou pou toujou santi ke ou te fè yon
bon chwa . Medyasyon kapab fèw gen mwens andikap pou lavni andikap ke
divos kite pou ou ak fanmi ou.
- Yo di ke medyatè a reprezante
toulède moun yo.
Se pa vre. Medyatè pa janm aji kankou
avoka. Sèl yon avoka kapab baw konsey legal. Medyatè se plis yon
moun ki lan mitan epitou ki pa pran ni pou younn ni pou lot. Pwosesis sila
konfidansyel e medyatè a pa bay pyès lot moun enfomasyon siw pa
bay pèmisyon.
 NAN FAMILY MEDIATION
CENTERS ( SANT MEDYASYON POU LA FAMI) nap edew rekonstwi avniw Nou pap
ede'w kontinye bwase le pase
Ou ta renmen konnen pi plis?
Voye
banou non ou an antie ak e-mail adres* ou epi nap voye pou ou, gratis, yon
ti liv ki rele "painless divorce" (divose san traka) ti liv sila gen ladan
pliziè ti sekrè ka va edew nan moman difisil divos pote.
OU GENYEN PI PLIS KEKSYON? Kontakte nou! Nou
toujou kontan pale avèw
**Nou respekte vi privew e nou pap
janm bay pèsonn lòt moun adres ou san ou pa
dakò.
Si ou ta renmen konnen pi plis bagay de Sherrie Marcus
ak sèvis legal pou la fami, vizite nou sou
www.Sherriemarcus.com
^ Top |
|