KI JAN MEDYASYON POU LA FAMI
FONKSYONE
KI JAN LI
FONKSYONE
Ou kapab kontakte Sant
medyasyon pou la fami swa sou email osinon nan telefon.
Tout moun kap
travay pou sant sila ap kontan pale avèw epitou nap email toulède
pati yo sou tout bagay ki konsène zafè medyasyon . Nou kapab baw
randevou tou.
Nou kapab reponn anpil nan keksyonw nan telefon osinon
email, alòs lèw vini wè nou pou premye vizit ou nap tou
koumanse travay.
Sonje byen, medyatè nou yo pa nan pas pou ki, yo
la pou edew rezoud diakisyon.Toutlède patiyo dwe dakò pou vini
nan medyasyon.
Nan premye rankont la, na va baw yon lis tout dokiman kew
dwe bay sant medyasyon: encomtax ak resi chèk travay ou. Lè sa wa
koumanse pare pou medyasyon. Nou kapab bay toude patiyo randevou ansanm nan
menm biwo a, osinon nou kapab fè medyasyon a nan de biwo separe. Se jan
wa va vle, ke la fèt, medyatè a va fè jan wa
mande.
Premye sesion ap dire a peprè inèdtan.Apre premye
sesion,nap pran randevou pou yon lòt sesion ka va gen pou li sèl
5 èdtan , de fason pou nou gentan diskite tout pwoblem epitou rezoud yo
pou toulède pati yo satisfè.Pandan tan sa a, medyatè a ap
prepare papye sou sa toulède pati yo tonbe dakò. Papye sila ap
genyen ladan'n e an detay ki solisyon yo jwen pou chak pwoblem ki te poze devan
medyatè a, papye sila toulède pati yo ap siyen li san yo pa
fòseyo sètadi libreman . Sonje byen siw vle ou kapab bay yon
avoka li dokiman sila avan ou siyen , ou kapab pote dokiman sila bay avoka
privew tou nenpòt kilè pandan pwosesis medyasyon an.
Nap
diw ankò epi nap repetew pwosesis sila pou li fèt se pou
konplètman dakò Yo pa gen dwa fosew pou antre nan yon solisyon
medyasyon.
Siw ta gen pwoblèm ki pa kapab rezoud nan 6
èdtan ke yo bay pou medyasyon, wap kapab mande pou yo baw lòt
randevou pou pi plis tan.
Siw gen pwoblem ki pa annafè ak pawol
medyasyon, kankou pawol timoun, tax, pansyon, nou genyen pwofesionèl ki
la pou asistew nan tout bezwenw. Se rezon sila ki fè ke nou se "One stop
center" sa ki vle di "yon sèl kote regle tout zafèw".
Nan
Sant medyasyon pou la fami, nou ofri sèvis : depoze papye ak plede nan
lajistis. Sèvis sila nou bay yo, tribinal siprèm la florid bannou
dwa ak pouvwa pou nou fè yo.
Moun kap travay pou nou yo se
pwofesyonel epitou yo konnen ke pwosesis medyasyon sila se yon bagay ki tou
nèf pou ou e ke ou pa abitie avek li se pou sa ke nap asistew e nap
reponn tout keksyon ki gen rapò ak sèvis ke nou
bay.
KONBYEN KOB NOU
MANDE
Nou chaje yon sèl pri ki $1,950.00. Kob sila nou divize
li pou chak pati peye $975.00. Lajan sila se pou prepare dokiman epitou depoze
dokiman nan tribinal pou lè nou pwal plede, lajan sila se pou 6
èdtan medyasyon tou. Si ou ta bezwen plis tan, sa vle di plis sesion
medyasyon, wap peye lajan anplis. Lajan sila pa peye pou tribinal. Konye a nan
Miami-Dade ak nan Broward Counties pri tribinal se $364.00. Se konsa yo chaje
nan lajistis pou pwosesis kase mariaj.
Silvouplè
rele biwo nou siw gen lot keksyon sou konbyen lajan
pou peye pou lòt sèvis.
7 REZON KI Fè KE MEDYASYON SE
SOLISYON AN
- Divos pa bezwen vle di batay. Siw pa vle pèdi
ni tan ni lajan, ale nan medyasyon, ou pa bezwen avoka.
- Le pli souvan de moun kap divose depanse a yo de
$10,000.00 pou peye avoka. Sakifè $8,000.00 pi plis ke sa wap peye nan
sant medyasyon.
- Anpil lajan konn depanse pou eseye pwouve ke ou gen
rezon osinon ke yo fèw bagay ki pa sa. Se pi fasil pou gen
pèdespriw siw chwazi medyasyon.
- Pa koumanse yon batay kew pap ka kontinye jiska la
fen. Siw fè sa wap pèdi ni batay la epitou wap peye pou li
tou.
- Nan keksyon la fami ki ale lajistis, pèsonn pa
janm genyen, tout moun pèdi, menm sila yo di ki "genyen" an.
- Pa genyen jij ki konnen pi plis pasew zafè
mariaj ou, lajan ou, pitit ou. Pakite yon etranje pran desizyon pou avniw pou
ou.
- Avoka fèw peye pou kantite tan yo pase sou ka
paw la, yo pa fèw peye pou kantite tan ou fè marye. Menm siw te
marye pou yon ti kras tan divos kapab pran anpil tan ak anpil lajan.
NAN FAMILY MEDIATION
CENTER ( Sant Medyasyon Pou La Fami)) nap ede'w rekonstwi avniw
Nou
pap edew kontinye bwase le pase
Ou ta renmen konnen pi
plis?
Voye
banou non ou an antie ak e-mail adres* ou epi nap voye pou ou, gratis, yon
ti liv ki rele "painless divorce" (divose san traka) ti liv sila gen ladan
pliziè ti sekrè ka va edew nan moman difisil divos pote.
OU GENYEN PI PLIS KEKSYON? Kontakte nou! Nou
toujou kontan pale avèw
**Nou respekte vi privew e nou pap
janm bay pèsonn lòt moun adres ou san ou pa
dakò.
Si ou ta renmen konnen pi plis bagay de Sherrie Marcus
ak sèvis legal pou la fami, vizite nou sou
www.Sherriemarcus.com
^ Top |
|