TOUT MWAYEN AK ZOUTI POU
NEGOSYE DIVOS E REKONSTWI VI OU 
TIMOUN
AK TINEDJè
- The Divorce Helpbook for Kids, Cynthia
Macgregor ki ekri liv sila
(Yon liv pou ede timoun kap viv
divos) Liv sila se yon gid ki rekonèt kijan divos di pou timoun.
Nan liv sa yo diskite:rezon ki fè paran divose ; kijan divos chanje lavi
timoun yo ; kijan timoun yo santi yo ak pawol divos sila ; kisa timoun kapab
fè pou yo santi yo miyò; ak kilès pou yo pale e kisa ki
kapab rive apre.
- The Divorce Helpbook for Teens, Cynthia
Macgregor ki ekri liv sila
(Yon liv pou ede tindjè kap viv
divos) This is a waSe yon bon ti liv kap gide tinedjè kap eseye
reponn anpil keksyon lè paran yo divose : Poukisa paran mwen divose?
Kijan divos pwal chanje lavinou? Kisa pou mwen fè pou mwen pa santi pwa
tout pwoblwèm sa yo? Ak kilès pou mwen pale? Ki sa ki pwal rive
apre? Kijan mwen pwal di paranm lè li pa vizitem ase souvan? Lè
yonn nan paranm vle ke mwen vinn rapote bali sa lot la ap fè, ap di,
mandem bay lot la komosyon, kijan pou mwen dili "non"?
- Jigsaw Puzzle Family, Cynthia Macgregor ki
ekri liv sila
Fanmi melanje ( Bèl mè , Bò
pè) Ti liv sila ap adresel a fanmi ki fèk rekonstwi . Li
ede timoun yo realize ke gen anpil lot timoun ki lan menm ka ak yo, paske yo
gen pou yo aprann viv ak bò pè osinon bèl mè, nouvo
règ nan kay la, nouvo bèl sè , bò frè epitou
viv nan yon lòt kay.
^ Top
LA GAD AK OKIPE TIMOUN APRE DIVOS
- The Child Custody Book, Jij James W. Stewart
ki ekri liv sila
(Liv sou ki moun ki genyen la gad timoun yo) Jij
Stewart di : "Li toujou lan enterè timoun yo pou paran yo jwen yon
solisyon -- avèk osinon san medyasyon -olye ke yo ale nan tribinal" . Sa
ki fè ke tribinal oblije okipe zafè lagad timoun, jijla explike
ke se pou evite tout erè ki ta ka koute anpil lajan dan lavni. Paran ki
rezoud diskisyon yo san yo pa ale nan tribinal ka ekonomize pliziè
dizèn milye dola epitou ya va evite laraj ak tout fache ke yon diskisyon
nan tribinal pote epi kifè ke de moun sila yo paka janm byen
ankò.
- 101 Little Instructions for Surviving Your
Divorce, Barbara J. Walton ki ekri liv sa
(101 ti moyen pou pa
twò dekonstonbre apre yon divos) Li se yon avoka ki okipe
zafè divos e ki tèlman wè bagay nan zafè divos. lap
edew travèse move moman divos pote, lagad timoun, tèt ou
prèt pou pati, sipò lajan pou timoun, separasyon byen, avoka,
tribinal et pi plis bagay ankò. Chak "ti moyen" yap moutrew ap baw
kouraj, ankourajman epitou ap gidew. La va moutrew kijan pou abòde
pwoblem sila yo paske li konnen ki jan, ni gran moun ni timoun ka santi yo apre
tout boulvèsman sila yo.
- Parenting After Divorce, Philip M. Stahl,
Ph,D. ki ekri liv sila
(Fè ledikasyon timounyo apre divos)
Liv sila se yon gid ka va edew rezoud konfli epi konprann kisa timoun
yo bezwen apre yon divos. Konsey Dr. Stahl a va edew evite 12 erè ke
paran kap divose fè le pli souvan-la evitew depanse twop lajan epi la va
evitew twop tèt chaje.
^ Top
REKONSTWI LAVIW APRE YON DIVOS
- 50 Ways to Love Your Leaver, Dwight Webb,
Ph.D. ki ekri liv sila
(50 fason pou renmen moun ki kite ou) Dr.
Webb ki pase nan divos tou ap gide tout moun ki ta vle rekonmanse reviv
lè yon moun yo te renmen kite yo. 50 fason, pale de fache nan
kèw, relasyon pèsonel, saw pèdi, refize kwè sa ki
laverite, sispann mete chaj sou do lot la . sispann move . Liv sila diw tou "ki
jan pou fè"..exèsis kap edew.
- After Your Divorce: Creating the Good Life on Your
Own, Cynthia Macgregor ak Robert E. Alberti, Ph.D ki ekri liv sila
(Apre divos : Se ou menm ki pou fè vi ou bèl) Liv
sila baw konsey kareman paske li kwè ke tout fanm kapab okipe lavil
poukont li. Lap remontew apre tout emosyon sila yo. Edew nan zafè lajan
ak byen. Edew nan relasyon avek ansyen mariw, ede timoun yo nan sitiyasyon
sila.
- Getting Apart Together, Martin Kranitz, M. a.
ki edri liv sila
(Chak moun fè rout payo men tèt ansanm)
Madanm ak misye ki negosye pou yo evite ale trivinal jwen pi byen sa yo
ta renmen. Liv sila se yon gid pou ede tèt'w , li gen ladan règ ,
ki jan pou apran'n chwazi jou pou nou rankontre e pale, echantiyon papye ke'w
kapab genyen pou siyen. Moyen pou fè mediasyon pou divose san "goumen".
Liv saa plen istwa lot moun ki te geyen aranjman ki mache byen sou pawol leve
timoun a de, lagad timoun, lajan pou sipò, prepare kolèj,
asisrans kay, tax epi plis bahay ankò.
- Rebuilding: When Your Relationship Ends, Dr.
Bruce Fisher ak Dr. Robert Alberti ki ekri liv sila
(Rekonstwi :
Lè relasyon ou ak moun nan fini) Liv Fisher ekri a "repoze bloc
apre yon divos" genyen ladann 19 chemen ke ou kapab swiv pou viw kapab
rekonstwi apre divos. Li gen ladann diznèf etap pou edew reprann kod
tèt ou apre. Li konprann byen tout etap divos yo.
^ Top
EDIKASYON TIMOUN YO APRE
DIVOS
Apre divos, nou pa madanm ak misye ankò, men nou toujou
paran. -(co-parenting) vle di toulède paran yo toujou la lan vi timoun
yo e yo la tou pou okipe de tout sa timounyo bezwen. Pou sa mache , sava
depan'n de kijan paran yo fonksyone.
Apre yo fè pliziè
rechèch yo fini pa wè ke : men benefis ki genyen lè
toulède paran ap fè ledikasyon timoun yo. : Timounyo santi ke yo
pi estab ; yo fonksyone pi byen paske yo pa santi ke yo oblije pote pwoblem
emosyonel paran yo sou do yo.
Tout moun nan fanmi a gen mwen stres paske
genyen yon " plan pou edikasyon" Plan sila mete atè ròl chak
paran ak responsabilite yo apre divos. Rezilta a sèke gen mwens konfli
lan mitan paran yo epitou timoun yo pi kontan.
^
Top
TERAPI POU TOUT
MANM FAMI AN PANDAN DIVOS
Pandan yon divos prèske tout moun
nan fanmi a soufri emosyonelman epitou gen anpil tèt gaye. Paran yo
pè pou timounyo pa soufri tròp epitou yo pa konen kijan pou yo
pale avèk yo, ki sa pou yo di yo. Timounyo menm yo pè pèdi
younn osinon toulède paran yo. Le plisouvan timoun yo pa konnen ki jan
pou moutre ke yo pè, ke tèt yo chaje, ke yo
fache.
Lèw rive nan pwen sa a, terapi pou tout manm fami a kapab
ede, paske li fè tout moun wè ke tout manm nan fanmi a wè
ke yo depann youn de lòt olie ke yo gade chak moun apa. Se paske tout
moun nan fanmi a depan'n youn de lòt ki fè ke tout moun ap soufri
konsa. Menm si fanmi a preske kraze, terapi pou la fanmi kapab ede tout moun
konprann ke gen yon bon relasyon lè genyen Younn depann de lot. Paran ak
pitit kapab kontiniye menmsi fanmi a rekonstwi.
Tout manm fanmi dwe la.
Nou vle ke tout moun nan fanmi a konprann ke yo konekte younn ak lot, se pou yo
aprann pale younn ak lot.. Terapi pou fanmi a kapab ede tout moun aprann kijan
pou yo pale younn ak lot., lè sa va genyen antant epitou tout moun a
konprann epi sa va pase pi byen nan pwosesis divos la.
^ Top
LOT
RESOUS KI GENYEN NAN SANT MEDYASYON POU LA FAMI.
NAN FAMILY MEDIATION
CENTERS ( SANT MEDYASYON POU LA FAMI) nap edew rekonstwi avniw Nou pap
ede'w kontinye bwase le pase
Ou ta renmen konnen pi plis?
Voye
banou non ou an antie ak e-mail adres* ou epi nap voye pou ou, gratis, yon
ti liv ki rele "painless divorce" (divose san traka) ti liv sila gen ladan
pliziè ti sekrè ka va edew nan moman difisil divos pote.
OU GENYEN PI PLIS KEKSYON? Kontakte nou! Nou
toujou kontan pale avèw
**Nou respekte vi privew e nou pap
janm bay pèsonn lòt moun adres ou san ou pa
dakò.
Si ou ta renmen konnen pi plis bagay de Sherrie Marcus
ak sèvis legal pou la fami, vizite nou sou
www.Sherriemarcus.com
^ Top |
|